Encore 2 signatures pour que cette pétition ait plus de chances de devenir virale sur les réseaux sociaux.
Auteur(s) :
NOVIC3
Suivre cet auteur
Recevez l'actualité de cet auteur
Auteur suivi
Ne plus recevoir l'actualité de cet auteur
Destinataire(s) :
CSPN/DGPNH/FAD'H
La pétition
Petisyon pou mande leta Ayisyen pran responsabilite'l pou tabli lapè nan matisan. Jodi dimanch 1 dawout la fè 2 mwa depi yon gwo gwo batay eklate ant plizyè gwoup ame nan matisan. Depi 1 jen 2021 an moun matisan ak 1pati nan moun Fontamara oblije kouri kite kay yo ak tout sa yo t posede pou chape anba bal. Yo chape poul yo pou yal dòmi sou plas piblik, anndan mache pwason, nan sant spòtif kafou, elatriye. Se yon imilyasyon ki pa gen non. Neg ak zam jwenn lakou matisan pou yo pyafe,fe sa yo vle jan yo vle ak lè yo vle. Lekòl fèmen, legliz pa k fonksyone, pa gen lavi ditou nan zòn nan. Nou sezi wè leta Ayisyen kwaze 2 bral ap asiste san fè anyen yo chita nan bay manti nan laprès. Poutan nan tout peyi nou konnen ke se leta ki la pou mete lòd lè gen dezòd, pou pwoteje lavi ak byen, pou kreye bon kondisyon pou tout moun viv byen san kè kase. Jodi a aprè 2 mwa leta Ayisyen montre klè kou klè wòz ke moun matisan ak Fontamra pa moun, ke moun matisan ak Fontamra se chen. Sa ta vle di zafè yo. Se poutèt sa moun matisan, Fontamra, kafou, jeremi, okay , ak tout pèp Ayisyen mete vwa yo ak NOVIC-3 pou mande leta Ayisyen pran responsabilitel pou pèmèt lavi tounen nan zòn matisan. Nan sans sa a nap bay otorite nan leta a ak nan lapolis yo jiska dimanch kap 8 dawout la pou fè yon gwo operasyon kanson fè pou tabli lapè ak serenite nan matisan. Moman tete Lang lan fini, fok leta aji paske nou bouke. Ansanm nap siyen petisyon sa.
98
signatures
Signez avec votre email
Encore 2 signatures pour que cette pétition ait plus de chances de devenir virale sur les réseaux sociaux.
En signant la pétition, j'accepte que MesOpinions traite mes données à des fins de gestion de signatures et des commentaires. J'accepte également d'être informé(e) des actions citoyennes initiées via MesOpinions. Pour en savoir plus, sur ces traitements et sur mes droits, je consulte les conditions d'utilisation.