Se connecter
Logo MesOpinions.com
Accueil Pétitions Victoires Logo Mobilisation pour la Cause Animale Blog Nous soutenir Lancer une pétition
Accueil Pétitions Pétitions droits de l'homme Nou Mande Revokasyon Anbasadè Ayiti nan Chili a ak tout Pèsonèl Administrativ Anbasad la
Pétition

Nou Mande Revokasyon Anbasadè Ayiti nan Chili a ak tout Pèsonèl Administrativ Anbasad la

Nou Mande Revokasyon Anbasadè Ayiti nan Chili a ak tout Pèsonèl Administrativ Anbasad la Pétition
9 signatures
Plus que 1 signatures pour que ce combat soit visible sur MesOpinions.
Auteur :
Auteur(s) :
Radio Télé Radical
Destinataire(s) :
Ministère des Affaires Étrangères d'Haïti et Ministère des Haïtiens Vivant à l'Étranger
La pétition
PETISYON POU MANDE REVOKASYON ANBASADÈ PEYI DAYITI A NAN CHILI

Kominote Ayisyen an nan Chili ap Travèse yon Moman Difisil nan Peyi Chili, Parapò ak Move Sèvis Anbasad la ap founi Kominote a:

1- Kazye Jidisyè, Se yon Dokiman Peyi Chili mande tout Ayisyen pou yo kapab gen Rezidans definitif la.

Soti Nan 2018 pou rive Jodi a, Anbasad Ayiti a nan Chili pa janm Renouvle Angajman li , pou founi Ayisyen yo Dokiman sa kise "Kazye Jidisyè "

A- Lè nou konsidere Anbasad la pa pran angajman pou fè "Kazye Jidisyè yo" , se 25 Dola Ameriken li pran pou Anrejistre Anprent pou Chak Konpatriyòt Ayisyen, Se Konpatriyòt Ayisyen yo ki pou degaje yo .pou voye Anprent lan Ayiti pou kapab bay yon moun Ayiti fèl pou li.

B- Lè nou Konsidere : Plis pase 135000 Konpatriyòt Ayisyen gentan Anrejistre Anprent yo nan Anbasad la a 25 dola Ameriken
135000 × 25 Dola Ameriken = 3 Milyon 375Mil Dola Ameriken

C- Lè nou Konsidere: Chak Konpatriyòt Ayisyen Peye DHL 100 Dola Ameriken pou Voye Anprent yo Ayiti pou bay fè Kazye Jidisyè a
Lèw fè 135000 × 100 = 13500000
Se 13Milyon 500mil Dola Ameriken DHL fè nan Transpò Ale-Retou pou Kesyon Kazye Jidisyè pou Ayisyen

Devan Tout Lajan sa yo Ke Kominote Ayisyen an nan Chili ap Depanse, Jiska prezan yo paka jwenn bonjan Sèvis depi plis pase 3 lane .

Pou Rezon sa yo n'ap Mande Revokasyon Anbasadè Fanfil Monesty Junior ak Tout Pèsonèl Administrativ Anbasad Ayisyen an nan Chili

N'ap Mande Responsab DCPJ yo, Pou kreye yon Ofis Spesyal Pou Trete Demand Kazye Jidisyè yo Rapid Vit.

N'ap Mande Imigrasyon pou Kreye yon Sèvis Spesyal pou Konpatriyòt Ayisyen yo nan Chili, pou yo kapab jwenn Paspò yo Rapid vit. Gen 88mil Konpatriyòt Ayisyen Kite rantre Chili nan lane 2016 , 2017 kite gen Paspò 5 lane ki pral Ekspire . Fòk Yo jwenn Sèvis Rapid vit pou Renouvle Paspò yo

Konpatriyòt Ayisyen yo nan Chili nan Gwo Difikilte pou yo Travay ak pou gen yon byennèt. Akoz Kazye Jidisyè yo paka jwenn pou yo kapab gen yon stati legal nan Peyi Chili

Koudèy ENFO News 

Radio Télé Radicale
9 signatures
Signez avec votre email
Plus que 1 signatures pour que ce combat soit visible sur MesOpinions.
Merci pour votre mobilisation
Vous avez déjà signé cette pétition
Aidez l'auteur à atteindre la victoire :
Je n'ai pas signé cette pétition et je veux le faire
Ajouter un commentaire
En signant la pétition, j'accepte que MesOpinions traite mes données à des fins de gestion de signatures et des commentaires. J'accepte également d'être informé(e) des actions citoyennes initiées via MesOpinions. Pour en savoir plus, sur ces traitements et sur mes droits, je consulte les conditions d'utilisation.
Partagez la pétition avec vos amis :

Lancez votre propre pétition

La personne ayant lancé cette pétition a décidé d'agir pour la cause qui la concernait.
En ferez-vous de même ?
Je lance ma pétition
- Pétitions -

Les pétitions soutenues par d'autres utilisateurs

Accueil Pétitions Pétitions droits de l'homme Nou Mande Revokasyon Anbasadè Ayiti nan Chili a ak tout Pèsonèl Administrativ Anbasad la